Kòman pou w konekte ak Raspberry Pi la a pati òdinatè w san entènèt

Titoryèl sa ap eksplike w kòman pou w prepare Raspberry Pi ou a pou w ka konekte avè l a pati òdinaè w san ou pa bezwen gen koneksyon entènèt pèmanan.

Entwodiksyon

Titoryèl sa ap eksplike w kòman pou w prepare Raspberry Pi ou a pou w ka konekte avè l a pati òdinaè w. Menm si li piti anpil, Raspberry Pi la se yon òdinatè li ye tou. Kidonk menm jan ou pa ka travay sou yon lòt òdinaté a pati òdinatè pa w la san lojisyèl espesyalize, se menm jan ou p'ap ka travay sou Raspberry Pi la a pati òdinatè pèsonèl ou san kèk etap preliminè. Nan titoryèl sa n'ap eksplike w kòman ou ka fè sa san ou pa bezwen gen koneksyon entènèt pèmanan.

Metòd sa itlize yon koneksyon VNC (Virtual Network Computing) ki pèmèt ou kontwole yon òdinaté a distans. Pa defo, tip koneksyon sa pa aktive sou Raspberry Pi la, kidonk n'ap bezwen konfigire raspberry pi la pou l ka aksepte tip koneksyon sa anvan nou ka itilize VNC a tout bon vre. Avantaj koneksyon VNC a seke ou ka pataje grafik avè l. Kidonk w'ap itlize lòt òdinatè a kòmsi ou te gen aksè dirèk avè l. Pou etabli koneksyon VNC a, n'ap itlize yon aplikasyon ki rele "VNC Viewer".

Pou nou ka konfigire raspberry pi la pou li ka aksepte koneksyon VNC, n'ap itilize yon koneksyon SSH (Secure SHell). Ou ka itilize koneksyon SSH la tou pou kontwole yon òdinatè a distans, men li pa pèmèt ou pataje grafik. Se sèlman kòmand w ap ka plase sou yon tèminal. N'ap itlize yon kab ethernet pou nou ka tranmèt enfòmasyon ant òdinatè a ak raspberry pi la.

Kisa w ap bezwen

  • Yon òdinatè ki kapab yon laptop oubyen desktop
  • Yon kab "ethernet" pou konekte òdinatè a ak Raspberry Pi la
  • Yon Raspberry Pi ak koneksyon kouran
  • Yon kat SD pou itilize kòm memwa Raspberry Pi la
  • Yon Koneksyon entènèt pou telechaje lojisyèl w ap bezwen yo. Apre sa ou p ap bezwen entènèt ankò

Etap yo

Etap 1: Download tout saw bezwen

Telechaje "VNC Viewer", "Putty", ak "Raspberry Pi Imager" epi enstale yo sou òdinatè w la. Men tout lyen pou w telechaje yo.

https://www.realvnc.com/en/connect/download/viewer/

https://www.putty.org/

https://www.raspberrypi.org/software/

Etap 2: Enstale sistèm eksplwatasyon pour Raspberry Pi la

  • Konekte kat “SD” a sou òdinatè a
  • Lanse aplikasyon "RaspberryPi Imager" ou te download nan etap 1 an.
  • Chwazi sistèm eksplwatasyon “Raspberry Pi OS” la.
  • Chwazi kat "SD" a kòm “Storage”
  • Klike sou “Write” epi tann pwosesis la fini.

Etap 3: Kreye yon fichye ssh sou kat "SD" a

Kite kat "SD" a sou òdinatè a pou etap sa

  • Toujou sou òdinatè a, ale sou “my computer”
  • Chwazi drive ki rele “boot” la ki koresponn ak kat "SD" a.
  • Kreye yon fichye ki rele “ssh” san ekstansyon. Pa mete anyen nan fichye a.

Etap 4: Konekte Raspberry Pi la

  • Retire kat SD a sou òdinatè a
  • Konekte kat SD a nan raspberry pi la
  • konekte raspberry pi ak òdinatè a ak kab “ethernet” la
  • Finalman konekte kab kouran an nan raspberry pi la.

Etap 5: Ouvè yon koneksyon SSH ak raspberry pi la

Retounen sou òdinatè a epi lanse aplikasyon Putty ou te download nan etap 1 an.

Mete raspberrypi.local kòm hostname.

Chwazi pò 22 epi ouvè yon koneksyon.

Etap 6: Login epi aktive VNC sou raspberry pi la

  • Login ak username pi epi modpas raspberry. Lè w fini tape sudo raspi-config nan tèminal la
  • Nan fenèt ki ouvè a, chwazi opsyon “P3 VNC”. Itilize klavye a pou w navige.
  • Chwazi opsyon “Interface Options” nan pwochen fenèt la
  • Finalman, chwazi "Yes" nan pwochen fenèt la pou w konfime chanjman ou fè yo.

Etap 7: Konekte ak raspberry pi la ak VNC

  • Lanse aplikasyon "VNC Viewer" ou te telechaje nan etap 1 an.
  • Ale nan “File” epi chwazi “New Connection”.
  • Antre “raspberrypi.local” kom hostname epi klike sou bouton “Ok”.
  • Filnalman, nan fenèt otantifikasyon an, rantre pi kòm username epi raspberry kòm password. Klike sou bouton “Ok” a pou lanse koneksyon an.

Konklizyon

Felisitasyon! Kounya ou pare pou w itilize Raspberry Pi ou a. Pwochèn fwa ale nan etap 7 la dirèkteman. Ou kapab fè tout pwojè w la sou raspberry pi la a pati de koneksyon ssh la men sa ap mande pouw konn komand teminal ou byen.

Photo by Jeff Loucks on Unsplash